Translate

jeudi 10 janvier 2013


Ayiti  Dwe viv, Ayiti fok ou viv

Jounen san parey, Jounen memorab, jounen de dey, jounen doule , traka ak touman. Se yon jou  ke nou pap ka bliye, Kote nou tap konte pa milye kadav fre ak se nou ki te mouri nan tranbleman te 12 janvye 2010 la. Kote lespwa te fin disparet nan lespri tout kretyen vivan se te yon jou kote lanati tap debode pou mande lezom kont.12 janvye 2013 sa a fe 3 lanne yon fenwa total te tonbe sou Ayiti. Nou pa gen dwa bliye :  Fanm ki tap goumen kont vyolans kap fet sou fanm nan peyi d’Ayiti  Espesyalman manm KOFAVIV ki te tonbe nan jou sa. Nou salye memwa fanm vanyan sa yo,  e nou pwofite salye tout zanmi patne ki te vin ede nou tankou :
Madre, CNN, BAI/ IJDH, Massimo, Henry Mars, Dijital Demokrasi, HCR, Weleed, USAID, Limye Lavi, IRC, Haiti Solidarite, Fon Lanbi, Seksyon dwa Lom, Network, Bevely Oder Wold ak lot patne ki te soti an Anglete yo. Nap remesye tout patne nou yo nap di yo an kontinye pote kole paske batay la poko fini.

KOFAVIV ap kontinye lite nan lide pou’n gen yon demen meye, Pou viktim jwenn jistis, pou enpinite kaba.


 <<Men nan men! San silans! Ak anpil tolerans!
     Nap kwape vyolans!!!>>

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire